Jésus devan Pilate pou yon dezyèm fwa

Vandredi, lè solèy prèske leve (Jean 19:14)

Pilate sede tou dousman, san li pa vle e avèk laperèz, devan demann Konsèy la pou yo krisifye Kris.

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 27:15–26

27:15 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo.

16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.

17 Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”

18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.

19 Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”

20 Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.

21 Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?”

E yo te di: “Barabbas!”

22 Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?”

E yo te di: “Krisifye Li!”

23 Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?”

Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”

24 Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.

25 Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”

26 Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.

Marc 15:6–15

15:6 Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo.

7 Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun. 8 Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a.

9 Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?”

10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.

11 Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.

12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”

13 Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”

14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”

15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.

Luc 23:13–25

23:13 Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la. 14 Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo. 15 Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li.

16 Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”

17 Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la.

18 Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!” 19 (Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)

20 Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò, 21 men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”

22 Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”

23 Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen.

24 Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a.

25 Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.

Jean 18:39–19:16

18:39 Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”

40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.

19:1 Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt. 2 Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov. 3 Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.

4 Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”

5 Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”

6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!”

Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”

7 Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”

8 Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis. 9 Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?”

Men Jésus pa t reponn li.

10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”

11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”

12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”

13 Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha. 14 Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la.

Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”

15 Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!”

Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?”

Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”

16 Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.