Remò ak swisid Judas, trèt la

Nan tanp lan ak nan yon kote deyò miray Jérusalem yo. Vandredi maten

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 27:3–10

27:3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”

Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”

5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.

6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” 7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8 Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.

9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:

“Yo te pran trant pyès ajan,

pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;

ke kèk nan fis Israël yo te etabli,

10 epi yo te bay yo pou Chan Kanari a

jan Senyè a te dirije m nan.”

Jésus devan Pilate pou premye fwa

Jérusalem. Vandredi, bonè nan maten

Matthieu 27:2, 11–14

27:2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.

11 Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”?

Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”

12 Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.

13 Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”

14 Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.

Marc 15:2–5

15:2 Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?”

Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”

3 Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.

4 Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”

5 Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.

Luc 23:1–5

23:1 Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate. 2 Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”

3 Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.

4 Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.

5 Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”

Jean 18:28–38

18:28 Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.

29 Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”

30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”

31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”

32 Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.

33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”

34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”

35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”

36 Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”

37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”

“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”

38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.

Jésus devan Hérode Antipas, tetrak la

Jérusalem. Vandredi, bonè nan maten

Luc 23:6–12

23:6 Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen. 7 Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.

8 Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li. 9 Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm. 10 Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans. 11 Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate. 12 Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.