Pierre nye Senyè li twa fwa
Lakou kay gran prèt la, pandan seri jijman yo. Vandredi anvan douvanjou ak bò douvanjou
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 26:58, 69–75
26:58 Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan sa ta fini.
69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante.
75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
Marc 14:54, 66–72
14:54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
66 Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini.
67 E lè l wè Pierre ki t ap chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, Nazareyen an.”
68 Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!”
70 Men ankò, li t ap demanti sa a.
E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”
71 Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.
Luc 22:55–62
22:55 Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo.
56 Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
57 Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
58 Yon ti jan pita, yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
59 Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, paske li se yon Galileyen.”
60 Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.
61 Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.” 62 Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
Jean 18:15–18, 25–27
18:15 Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip.
Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la, 16 Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.
17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?”
Li te di: “Se pa Mwen.”
18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
25 Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”
27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.
Konsèy la kondane Jésus ofisyèlman apre douvanjou
Vandredi
Matthieu 27:1
27:1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
Marc 15:1
15:1 Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
Luc 22:66–71
22:66 Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di: 67 “Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè; 68 epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale. 69 Men depi koulye a, Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
70 Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
71 Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”