Anne se premye moun ki entèwoje Jésus
Anne, ansyen gran prèt la, se premye moun ki entèwoje Jésus.
Vandredi anvan douvanjou
Jijman devan Jwif yo, ak sa ki te pase alantou li.
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Jean 18:13–14, 19–23
18:13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. 14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
19 Konsa, wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
20 Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè. 21 Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
22 Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
23 Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
Caïphe ak Konsèy la kondane Jésus
Caïphe ak Konsèy la prese jije Jésus epi yo kondane l; yo pase l nan betiz epi yo bat li.
Lakay gran prèt Caïphe. Vandredi anvan douvanjou
Matthieu 26:57, 59–68
26:57 Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
59 Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.
60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.
Men pita, te gen de ki te vin prezante.
61 Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’”
62 Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63 Men Jésus te rete an silans.
Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
64 Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
65 Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.
66 Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”
67 Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L.
68 Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
Marc 14:53, 55–65
14:53 Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
55 Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen.
56 Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn.
57 Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:
58 “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’” 59 Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
60 Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
62 Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
63 Konsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò? 64 Nou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?”
Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò.
65 Epi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
Luc 22:54, 63–65
22:54 Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.
63 Alò mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li,
64 Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?”
65 Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèkblasfèm.
Jean 18:24
18:24 Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.