Pati 13: Arestasyon, jijman, krisifiksyon ak antèman Jésus
Jedi lannuit, vandredi ak samdi nan Semèn Pasyon an (jou fènwa pou wayòm Bondye a)
Yo trayi Jésus, yo arete l epi yo abandone l
Jaden Gethsémané. Vandredi, byen lontan anvan douvanjou
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 26:47–56
26:47 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.
48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.”
49 Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50 Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
51 Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52 Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe.
53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj? 54 Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
55 Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.
56 Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.”
Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
Marc 14:43–52
14:43 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.”
45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li.
47 Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
48 Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè?
49 Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp lan ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.” 50 Konsa, yo tout te kouri kite Li.
51 Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li, 52 men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
Luc 22:47–53
22:47 Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.
48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
49 Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”?
50 Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
51 Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.
52 Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?
53 Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
Jean 18:2–12
18:2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo.
3 Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
4 Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”
Li te di yo: “Mwen menm se Li”.
Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo. 6 Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
7 Ankò konsa, Li te mande yo: “Kilès n ap chache?”
E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”
8 Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
9 Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
10 Konsa, Simon Pierre ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
12 Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.