Jésus soufri lontan nan gwo kè sere nan Gethsémané

Apre li soti al Gethsémané, Jésus soufri lontan nan gwo kè sere.

Nan yon jaden ki louvri, ant ti rivyè Cédron an ak pye Mòn Oliv la. Byen ta nan lannuit ki kòmanse vandredi a

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 26:30, 36–46

26:30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.

36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”

37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès.

38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.

39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?

41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”

42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”

43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.

45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.

46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”

Marc 14:26, 32–42

14:26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.

32 Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”

33 Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.

34 Li te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”

35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li.

36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

37 Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan?

38 Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè a fèb.”

39 Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo.

40 Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.

41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.

42 Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”

Luc 22:39–46

22:39 Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.

40 Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”

41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.

42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”

43 Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs. 44 Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.

45 Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo.

46 Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”

Jean 18:1

18:1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.