Pati 5: Jean Baptiste Kòmanse Ministè Li

Pwobableman sis mwa, nan ane 25 apre Kris. Nan dezè Juda a ak bò Jourdain an

Lè Kòmansman an

25 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Marc 1:1

1:1 Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.

Luc 3:1–2

3:1 Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César la, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrak nan Abilène, 2 nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.

Mesaj la ak Mesaje a

Matthieu 3:1–6

3:1 Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:

2 “Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”

3 Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di:

“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,

Prepare chemen Bondye a!

Fè chemen Li yo dwat”!

4 Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5 Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an.

6 Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.

Marc 1:2–6

1:2 Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la,

“Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou,

ki va prepare chemen nou;

3 Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a,

‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”

4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.

5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.

6 Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.

Luc 3:3–6

3:3 Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.

4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:

“Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a,

‘Prepare chemen SENYÈ a,

Fè wout Li yo dwat,

5  Chak vale va ranpli,

E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.

Kwochi yo a va vin drese,

E move wout yo va vin swa.

6  Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”

Yon Egzanp Predikasyon Jean Baptiste

Matthieu 3:7–10

3:7 Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?

8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.

10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”

Luc 3:7–14

3:7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?

8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.

9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”

11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

Jean Dekri Mesi a Anvan Li Wè Li

Jean Baptiste, sila ki vini anvan an, dekri Mesi a anvan li wè li.

Matthieu 3:11–12

3:11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.

12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”

Marc 1:7–8

1:7 Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.

8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”

Luc 3:15–18

3:15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,

16 Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”

18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.