Pati 6: Kris Kòmanse Ministè Piblik Li: Ane Kote Yo Pa t Byen Konnen Li a 26 ak 27 apre Christ
Pwobableman yon pati nan ane 26 ak 27 apre Kris
Nan tout pati Tè Sent lan (premye ministè pereyen an, premye ministè galileyen an, premye ministè nan Judée a ak premye ministè samariten an). Kòmansman ministè sa a gen ladan l batèm nan, tantasyon an, temwayaj Jean sou Jésus, premye disip yo, premye mirak la ak travay nan Galilée, premye travay nan Judée, arestasyon Jean, travay nan Samarie ak retou nan Galilée.
Jean Batize Jésus nan Jourdain an
Béthanie, lòt bò Jourdain an. Pwobableman ane 26 apre Kris
26 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 3:13–17
3:13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.
17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
Marc 1:9–11
1:9 Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an.
10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.
11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
Luc 3:21–23
3:21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,
22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
23 Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,
Twa Tantasyon Jésus yo
Dezè Judée a. Pwobableman ane 26 apre Kris
Matthieu 4:1–11
4:1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.
2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan.
6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:
‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e
‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen
pou ke Ou pa ta menm frape
pye Ou kont yon wòch’”.
7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.
9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.
Marc 1:12–13
1:12 Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a.
13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
Luc 4:1–13
4:1 Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a
2 pandan karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
3 Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
4 Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
5 Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.
6 Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. 7 Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
8 Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri ‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
9 Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la,
10 paske sa ekri:
‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11 epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
12 Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li konn di; ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
13 Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.