Jean Temwaye Devan Komite gran konsèy la
Jean Baptiste bay temwayaj li devan komite ki soti nan gran konsèy la.
Nan Béthanie, lòt bò Jourdain an
26 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Jean 1:19–28
1:19 E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
“Mwen menm se pa Kris la.”
21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23 Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26 Jean te reponn yo konsa: “Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
Jean Fè Konnen Jésus Se Mesi a
Nan Béthanie, lòt bò Jourdain an
Jean 1:29–34
1:29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32 Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”
Jésus Fè Premye Disip Li yo
Nan Béthanie, lòt bò Jourdain an
Jean 1:35–51
1:35 Ankò jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”
37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40 Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43 Jou apre Li te vle antre nan Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44 Philippe te sòti nan Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46 Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”
50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”
Jésus Fè Premye Mirak Li
Nan Cana, nan Galilée
Jean 2:1–11
2:1 Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. 2 Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
3 Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
4 Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
5 Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.