Premye Fwa Jésus Rete Capernaüm

Jésus rete Capernaüm pou premye fwa, ansanm ak fanmi li ak premye disip li yo.

(Pi devan, Capernaüm pral vin kote li rete.)

26 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 2:12

2:12 Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.

Jésus Pirifye Tanp lan pou Premye Fwa nan Fèt Pak la 27 apre Christ

Jérusalem. Pwobableman ane 27 apre Kris

Jean 2:13–22

2:13 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.

14 Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”

17 Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”

19 Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”

20 Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”

21 Men Li t ap pale sou tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.

Nicodème Rankontre ak Jésus

Nan Jérusalem pandan fèt Pak la

Jean 2:23–3:21

2:23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.

24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun. 25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

3:1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”

9 Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”

10 Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11 Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.

12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.

13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.

14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”