Jésus ak Jean Egzèse Ministè yo Kòtakòt
Jésus ak Jean Baptiste egzèse ministè yo kòtakòt, epi Jean rete fidèl ak Jésus.
27 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Jean 3:22–36
3:22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.
23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24 Paske Jean potko jete nan prizon.
25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon. 26 Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.
35 Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.
Poukisa Kris Kite Judée
Matthieu 4:12
4:12 Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée.
Marc 1:14
1:14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
Luc 3:19–20; 4:14
3:19 Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, 20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.
4:14 Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo.
Jean 4:1–4
4:1 Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2 (men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l), 3 li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée. 4 Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.