Jésus nan Samarie

Bò pi Jacob la ak nan Sychar

27 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 4:5–42

4:5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.

7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.

Jésus te di l: “Ban M bwè”. 8 Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.

9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)

10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”

11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”

13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”

15 Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”

16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”

17 Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’ 18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”

19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.

23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vre adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”

25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”

26 Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”

27 Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”

28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29 “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”

30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.

31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”

32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”

33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”

34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.

35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.

36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’

38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”

39 Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”. 40 Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.

41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42 Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”

Jésus Rive nan Galilée

Jean 4:43–45

4:43 Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45 Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.