Pati 7: Gran Ministè Galileyen an
Pwobableman soti nan lotòn ane 27 rive nan prentan ane 29 apre Kris (sanble anviwon ennan edmi)
Marc bay anpil detay sou peryòd sa a, tandiske Luc bay yon rapò kout, epi Matthieu sitou òganize pati sa a selon sijè yo. Levanjil Marc la antre tousuit nan Gran Ministè Galileyen an (konpare ak rezime Pierre fè sou lavi Kris pou moun lakay Corneille yo nan Actes 10:36–43). Kantite enfòmasyon yo fè li difisil pou gwoupe yo yon fason klè, men evènman yo kontinye avanse.
- Yo rejte Jésus nan Nazareth, li al rete Capernaüm
- Premye toune nan Galilée ak kat pechè yo, epi, lè yo retounen, apèl Matthieu (Levi), pandan renome Jésus ap grandi.
- Konfli sou Saba a nan Jérusalem ak Galilée
- Jésus chwazi Douz yo epi li preche sou mòn lan
- Enfliyans Kris ap grandi epi Jean mande enfòmasyon depi nan prizon
- Dezyèm toune nan Galilée (kounye a avèk Douz yo), ak gwo ostilite Farizyen yo.
- Premye gwo gwoup parabòl la, ansanm ak vizit nan Jeraza (Kursi) ak dènye vizit nan Nazareth.
- Twazyèm toune nan Galilée (avèk Jésus k ap swiv Douz yo), ak efè li sou Hérode Antipas.
Jésus anseye nan Galilée
Yon apèsi jeneral sou ansèyman Jésus nan Galilée.
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 4:17
4:17 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”
Marc 1:15
1:15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
Luc 4:15
4:15 Li te kòmanse enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
Nan Cana, Jésus geri pitit gason yon fonksyonè
Nan Cana, Jésus geri pitit gason yon fonksyonè wa a ki soti Capernaüm.
Isit la, nan pati sou rejè Jésus nan Nazareth ak nouvo kay li nan Capernaüm, Jésus vizite Cana ak Nazareth ankò, li rele kat pechè yo ankò bò lanmè Galilée, epi li kòmanse ministè ansèyman ak gerizon li nan Capernaüm.
Jean 4:46–54
4:46 Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50 Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.
54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.
Nazareth rejte Jésus pou premye fwa
Luc 4:16–31
4:16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
20 Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22 Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki t ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
23 Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
24 Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. 25 Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. 26 Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman aSarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. 27 Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
28 Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29 Yo te soulve, yo te pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan 30 do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31 Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a.
Jésus tabli lakay li nan Capernaüm
Matthieu 4:13–16
4:13 Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernaüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali. 14 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
15 “Peyi Zabulon ak peyi Nephtali,
toupre lanmè a, lòtbò Jourdain an,
Galilée ki pou payen yo”
16 “Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè;
e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a,
sou yo menm yon limyè te vin parèt.”