Nan kat pechè pwason, Jésus jwenn pechè moun

Bò lanmè Galilée, toupre Capernaüm

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 4:18–22

4:18 Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.

19 Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”

20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.

21 Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.

22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.

Marc 1:16–20

1:16 Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.

17 Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”

18 La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.

19 Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.

20 Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.

Luc 5:1–11

5:1 Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la.

2 Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo.

3 Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.

4 Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon elage filè yo pou kenbe pwason.”

5 Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”

6 Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire. 7 Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.

8 Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!” 9 Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe. 10 Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou.

Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.” 11 Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.

Jésus geri yon nonm ki gen yon demon sou li nan sinagòg la

Gen gwo antouzyas nan sinagòg la akoz ansèyman Jésus ak gerizon li fè pou yon nonm ki gen yon demon sou li jou Saba a.

Marc 1:21–28

1:21 Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.

22 Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.

23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò

24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”

26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.

27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”

28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.

Luc 4:32–37

4:32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.

33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò:

34 “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

35 Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.

36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.”

37 Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.