Jésus geri bèlmè Pierre ak anpil lòt moun
Nan Capernaüm, lakay Pierre
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 8:14–17
8:14 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv.
15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.
16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo.
17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
Marc 1:29–34
1:29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.
31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.
34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
Luc 4:38–41
4:38 Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l.
39 Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo.
41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
Jésus fè premye toune li nan Galilée ak kat pechè yo
Isit la Jésus fè premye toune li nan Galilée ak kat pechè yo, moun li fèk rele pou yo swiv li toutan. Lè yo retounen Capernaüm, li rele Matthieu, epi plizyè mirak fè foul moun yo vin gen antouzyas epi fè Farizyen yo vin ostil anvè ansèyman Kris yo.
Matthieu 4:23–25
4:23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
25 Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
Marc 1:35–39
1:35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li.
37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”
39 Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
Luc 4:42–44
4:42 Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; paske Mwen te voye pou rezon sa a.”
44 Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagògJudée yo.
Jésus geri yon moun ki gen lèp
Yon moun ki gen lèp geri, epi gen gwo antouzyas nan mitan pèp la.
Matthieu 8:2–4
8:2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.
4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”
Marc 1:40–45
1:40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
Luc 5:12–16
5:12 Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: “Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp.”
13 Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li.
14 Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men alemontre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
15 Men nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo. 16 Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a poupriye.