Jésus geri yon nonm paralize yo desann nan twati a

Pandan foul moun ap peze sou li nan Capernaüm, Jésus geri yon nonm paralize yo desann nan twati kay Pierre.

27 rive 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 9:1–8

9:1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.

2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”

3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”

4 Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?

5 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”

7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li.

8 Lè foul la te wè sa, yo te etone, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.

Marc 2:1–12

2:1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.

2 Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.

3 Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye. 4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.

5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”

6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: 7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”

8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap reflechi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?

9 Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’

10 Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la: 11 “Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”

12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.

Luc 5:17–26

5:17 Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.

18  Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L. 19 Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.

20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.

21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”

22 Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa?

23 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’?

24 Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: “Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”

25 Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li ranpli avèk lwanj Bondye.

26 Yo tout te sezi, etone menm, e t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.