Jésus rele Matthieu, ki fè yon resepsyon pou li
Jésus rele Matthieu (Levi), ki fè yon resepsyon nan onè Jésus.
Capernaüm
27 rive 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 9:9–13
9:9 Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li.
10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.
11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
Marc 2:13–17
2:13 Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo.
14 Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
15 Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li.
16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
Luc 5:27–32
5:27 Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”.
28 Konsa,li te kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.
29 Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo.
30 Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”
31 Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.
Jésus defann disip li yo paske yo pa fè jèn
Nan twa parabòl, Jésus defann disip li yo paske yo fè fèt olye yo fè jèn.
Matthieu 9:14–17
9:14 Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
16 Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal.
17 Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
Marc 2:18–22
2:18 Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19 Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn.
20 Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
21 “Pèsòn pa koud yon mòso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.
22 E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
Luc 5:33–39
5:33 Yo te di Li: “Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”
34 Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vre?
35 Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”
36 Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a.
37 Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate. 38 Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf. 39 Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’”.