Yo Mennen Jésus ann Égypte epi Yo Touye Timoun Bethléem yo

Yo pote timoun nan, Jésus, ann Égypte, epi yo touye timoun ki nan Bethléem yo.

Pwobableman ane 5 anvan Kris

5 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 2:13–18

2:13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

16 Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo. 17 Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:

18 “Yon vwa te tande nan Rama;

yo te kriye e fè gwo lamantasyon.

Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo;

li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”

Yo Mennen Jésus Soti ann Égypte al Nazareth 4 anvan Christ

Pwobableman ane 4 anvan Kris

Matthieu 2:19–23

2:19 Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv:

20 “Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”

21 Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël. 22 Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo. 23 Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.

Luc 2:39

2:39 Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.

Jésus Lè Li Te Timoun nan Nazareth 4 anvan Christ rive 7 apre Christ

Pwobableman soti ane 4 anvan Kris rive ane 7 apre Kris

Luc 2:40

2:40 Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.

Jésus Vizite Jérusalem Lè Li Te yon Ti Gason Douzan 7 oswa 8 apre Christ

Pwobableman ane 7 oswa 8 apre Kris

Luc 2:41–50

2:41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.

42 Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. 43 Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. 44 Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.

45 Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. 46 Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li te chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. 47 Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.

48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”

49 Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?” 50 Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.

Dizuit Ane yo nan Nazareth 6 rive 26 apre Christ

Pwobableman soti ane 7 rive ane 26 apre Kris (oswa 6 rive 25)

Luc 2:51–52

2:51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.