Yo prezante Jésus nan tanp lan
Yo prezante Jésus nan tanp lan, kote Siméon ak Anne rann li omaj.
Jérusalem
6 oswa 5 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Luc 2:22–38
2:22 Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. 23 (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”), 24 epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
25 Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. 26 Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a. 27 Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. 28 Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
29 “Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a
pati anpè selon pawòl Ou.
30 Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,
31 ke ou prepare devan tout nasyon yo;
32 “yon limyè revelasyon pou payen yo,
epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
33 Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.
34 Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. 35 Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”
36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè. 38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
Mesye saj yo vizite wa Jwif yo ki fèk fèt la
Jérusalem ak Bethléem
Matthieu 2:1–12
2:1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2 “Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
3 Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.
5 Yo te di li: “Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;
6 “E ou menm, Bethléem, peyi Judée,
ou pa manke valè pami chèf Judée yo:
paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,
Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la. 8 Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”
9 Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12 Men akoz ke yo te avèti nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.