Yon zanj anonse Joseph nesans Jésus

Nazareth

7 oswa 6 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 1:18–25

1:18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

“Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

e l ap fè yon gason.

Y ap nonmen li Emmanuel”,

ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.

Nesans Jésus 6 oswa 5 anvan Christ

Bethléhem. Pwobableman ane 6 oswa 5 anvan Kris

Luc 2:1–7

2:1 Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. 2 Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. 3 Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.

4 Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5 pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.

6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

Zanj yo fè lwanj, bèje yo rann omaj

Toupre Bethléhem

Luc 2:8–20

2:8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.

9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

e sou latè a, lapè pami lèzòm

ki fè L kontan yo.”

15 Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”

16 Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17 Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18 Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.

19 Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.

20 Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

Sikonsizyon Jésus

Bethléhem

Luc 2:21

2:21 Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.