Marie chante Magnificat la

Rejyon mòn Juda

7 oswa 6 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Luc 1:46–56

1:46 Marie te di:

“Nanm mwen egzalte Senyè a,

47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

paske gade byen, soti nan moman sa a

jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

49 Paske Toupwisan an

te fè gwo bagay pou mwen.

Non Li sen.

50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon

apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.

51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.

Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.

52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,

e Li egzalte sila ki enb yo.

53 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay;

e Li voye rich yo ale avèk men vid.

54 Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a,

kon yon sonj mizerikòd Li,

55 jan Li te pale a zansèt nou yo,

a Abraham avèk jenerasyon Li yo

jis pou tout tan”.

56 Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li.

Nesans Jean, anfans li ak lavi li nan dezè a

Nesans ak anfans Jean-Baptiste, ak lavi li nan dezè a.

Rejyon mòn Juda. 7 oswa 6 anvan epòk nou an

Luc 1:57–80

1:57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. 58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. 59 Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. 60 Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.” 61 Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” 62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. 63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone. 64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. 65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo. 66 Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.

67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:

68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

paske li vizite nou,

Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

69 Li te leve yon kòn sali pou nou

lakay David la, sèvitè Li a.

70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

71 Delivrans sou lènmi nou yo,

ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo,

e pou sonje akò sen Li an,

73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,

74 pou pèmèt ke nou menm,

ki te delivre nan men lènmi nou yo,

ta kapab sèvi Li san krent,

75 nan sentete ak ladwati devan Li,

pandan tout jou nou yo.

76 Epi ou menm pitit, ou va rele

pwofèt a Pi Wo a;

paske ou va ale devan Senyè a,

pou prepare chemen Li an;

77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

pou padon peche pa yo.

78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

ak nan lonbraj lanmò a,

pou gide pye nou nan chemen lapè a.

80 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.