Pati 4: Nesans ak anfans Jean ak Jésus 7 anvan Christ rive 7 apre Christ

Nesans ak anfans Jean-Baptiste ak Jésus.

Pwobableman soti nan ane 7 anvan Kris rive nan ane 7 apre Kris

Seksyon sa yo gen anons nesans Jean ak Jésus, ansanm ak nesans yo, lavi yo kòm tibebe ak anfans yo.

Yon zanj anonse Zacharie nesans Jean

Yon zanj anonse Zacharie nesans Jean-Baptiste.

Jérusalem, nan tanp lan. Pwobableman ane 7 anvan Kris

7 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Luc 1:5–25

1:5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.

8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, 9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. 10 Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an.

11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.

13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.

15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”

18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”

19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”

21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.

23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. 24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.

Yon zanj anonse vyèj Marie nesans Jésus 7 oswa 6 anvan Christ

Nazareth. Pwobableman ane 7 oswa 6 anvan Kris

Luc 1:26–38

1:26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”

29 Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.

30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.”

34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.

Elizabeth chante pou Marie lè Marie vin vizite l

Rejyon mòn Juda

Luc 1:39–45

1:39 Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda. 40 Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.

41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”