Peryòd 6: Depi Roboam rive nan egzil nan Babylone

Depi Roboam monte sou twòn nan rive nan kaptivite nan Babylone.

Pati 1: Rèy Roboam nan

Wayòm Juda a

Dis tribi yo revòlte

975 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 14:21

21 Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit.

I Wa Yo 12:1–24

1  Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a. 2 Alò, lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon). 3 Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di: 4 “Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”

5 Epi li te di yo: “Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.”

Konsa, pèp la te ale.

6 Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?”

7 Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”

8 Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a. 9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”

10 Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen! 11 Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’”

12 Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a. 13 Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a. 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”

15 Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la. 16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di:

“Ki pati nou gen nan David?

Nanpwen eritaj nan fis Jesse a;

Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a!

Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!”

Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.

17 Men pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18 Epi Wa Roboam te voye Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem. 19 Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a.

20 Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.

21 Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an. 22 Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di: 23 “Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, a tout lòt pèp yo. Di yo: 24 ‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.

Roboam gouvène Juda 973 anvan Christ

II Kwonik Yo 11:5–12:1

5 Roboam te viv Jérusalem, e li te bati vil pou fè defans nan Juda. 6 Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, 7 Beth-Tsur, Soko, Adullam, 8 Gath, Maréscha, Ziph, 9 Adoraïm, Lakis, Azéka 10 Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. 11 Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven. 12 Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.

13 Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo. 14 Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a. 15 Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo. 16 Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 17 Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon an pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.

18 Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a. 19 Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham. 20 Apre, li te pran Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith. 21 Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi. 22 Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa. 23 Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout tèritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.

12:1 Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.

I Wa Yo 14:22–24

22 Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. 23 Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24 Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.