Pati 8: Lanmò Salomon
975 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
41 Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo? 42 Konsa, tan ke Salomon te renye Jérusalem sou tout Israël la se te karantan. 43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.
29 Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la? 30 Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël. 31 Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li.