Pati 7: Peche Salomon (continued)

980 rive 975 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Eklezyas 10–12

1 Mouch mouri bay

lwil pafen yon move odè;

Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa

pou depase sajès ak respè.

2 Kè a yon moun saj mennen li adwat,

men kè a moun san konprann nan

mennen l agoch.

3 Menm lè ensanse a mache nan lari

li manke bon tèt.

Li montre tout moun ke

se moun fou li ye.

4 Si kòlè a wa a vin monte kont ou,

pa abandone pozisyon ou;

paske rete kalm ka evite gwo ofans.

5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6 Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7 Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8 Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!

11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.

Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li. 15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.

16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;

ak prens yo k ap fè fèt granmaten.

17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a

ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,

e non pou fè banbòch vin sou.

18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,

e nan enpridans kay la vin koule.

19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,

diven pou fè kè kontan;

epi lajan se repons pou tout bagay.

20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon;

e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.

Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,

e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

11:1 Voye pen ou sou sifas dlo,

e apre anpil jou, ou va twouve l.

2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;

paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.

3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;

epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,

kote li tonbe a, se la l ap kouche.

4 Sila ki veye van an p ap simen;

ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

se konsa ou pa konnen zèv Bondye

ki fè tout bagay la.

6 Simen semans ou nan maten an;

ni pa gaspiye tan nan aswè.

Paske ou pa janm konnen si se nan maten

oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

ni si se pa tou de k ap bon.

7 Limyè a byen bèl,

e li bon pou zye wè solèy la.

8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

kite li rejwi li nan yo tout;

men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.

Tout sa ki gen pou vini se vanite.

9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

e kite kè ou rete kontan

pandan ane de laj jenès ou yo.

Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

men konnen byen ke Bondye

va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

pou l pa nan kè ou,

e fè mal rete lwen chè ou;

paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

12:1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:

“Mwen pa pran plezi nan yo;”

2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

e nwaj yo retounen apre lapli yo;

3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,

e mesye pwisan yo vin koube a.

Lè sila k ap moulen yo rete san travay

akoz anpil nan yo ki manke,

e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.

4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,

e yon moun va leve ak son zwazo a,

epi tout fi chanson yo va rete ba.

5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas

ak gwo danje k ap vini a.

Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,

e dezi gason an pa ka.

Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,

pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.

6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,

e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,

e wou sitèn nan vin kraze.

7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,

e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.

8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”

9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb. 10 Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk. 11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.

12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.