Pati 7: Peche Salomon (continued)

980 rive 975 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Eklezyas 8–9

1 Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.

2 Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a. 3 Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.” 4 Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?” 5 Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji. 6 Paske gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li. 7 Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive. 8 Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.

9 Tout sa mwen konn wè yo, e konn aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la. 10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. 11 Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. 12 Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. 13 Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.

14 Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite. 15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.

16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

9:1 Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li. 2 Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye. 3 Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo. 4 Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri. 5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. 6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.

7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.

11 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout. 12 Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.

13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m. 14 Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li. 15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a. 16 Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo. 17 Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse. 18 Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.