Pati 7: Peche Salomon (continued)

980 rive 975 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Eklezyas 6–7

1 Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm— 2 Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwi benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.

3 Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.” 4 Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa. 5 Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la. 6 Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a? 7 Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè. 8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo? 9 Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van. 10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l. 11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm? 12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?

7:1 Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a. 2 Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè. 3 Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè a vin pi bon. 4 Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi. 5 Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo. 6 Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite. 7 Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi. 8 Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a.

Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a. 9 Pa chofe kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse. 10 Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.

11 Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. 12 Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.

13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube? 14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.

15 Mwen te wè tout bagay pandan tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a. 16 Pa fè eksè nan ladwati, ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou? 17 Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle mouri avan lè ou? 18 Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de. 19 Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil. 20 Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche. 21 Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap bay ou madichon. 22 Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon. 23 Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen. 24 Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li? 25 Mwen te dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.

26 Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.

27 “Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.” 28 Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn fanm pami tout sa yo. 29 Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.