Pati 7: Peche Salomon (continued)

980 rive 975 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Eklezyas 4–5

1 Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. 2 Pou sa, mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo. 3 Men pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la. 4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.

5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.

7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.

9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

13 Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy. 14 Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an. 15 Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an. 16 Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.

5:1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè. 2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. 3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl. 4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5 Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l. 6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo? 7 Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.

8 Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo. 9 Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.

10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11 Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?

12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. 14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li. 15 Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap pote anyen nan men l kon fwi travay li. 16 Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an? 17 Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.

18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li. 19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.