Pati 7: Peche Salomon (continued)
980 rive 975 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite. 2 Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
3 Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo. 4 Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen. 5 Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi. 6 Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi. 7 Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo. 8 Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin. 9 Epi mwen te vin gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m. 10 Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo. 11 Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
12 Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja? 13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb. 14 Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. 15 Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” 16 Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
17 Pou sa, mwen te rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van. 18 Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an. 19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
20 Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. 21 Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? 26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
3:1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
5 Yon tan pou voye wòch
e yon tan pou ranmase wòch;
yon tan pou anbrase
e yon tan pou evite anbrase.
6 Yon tan pou chache
e yon tan pou pèdi.
Yon tan pou konsève,
e yon tan pou jete.
7 Yon tan pou chire
e yon tan pou koude;
yon tan pou rete an silans
e yon tan pou pale.
8 Yon tan pou fè lanmou
e yon tan pou rayisman;
yon tan pou fè lagè
e yon tan pou fè lapè.
9 Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo? 10 Mwen te wè tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo. 11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen. 12 Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. 13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye. 14 Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li. 15 Sa ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.
16 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. 17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay. 18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.” 19 Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. 20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. 21 Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?
22 Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?