Pati 7: Peche Salomon
980 rive 975 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo, 2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an. 3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. 4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a. 5 Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo. 6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a. 7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo. 8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo. 9 Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa. 10 Li te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a. 11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou. 12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo. 13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”
14 Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an.
23 Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a. 24 Li te ranmase moun vè li menm pou te devni chèf a yon twoup bandi mawon. Apre David te vin touye yo nan Tsoba, yo te deplase a Damas pou rete la e te renye Damas. 25 Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie.
26 Alò, Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a. 27 Alò, se te pou rezon sa ke li te fè rebèl kont wa a: Salomon te bati sitadèl Millo, e li te fèmen brèch nan lavil papa l la, David. 28 Alò, Jéroboam te yon gèrye vanyan e lè Salomon te wè ke jennonm nan te travay byen, li te chwazi li sou tout kòvey lakay Joseph yo. 29 Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an. 30 Alò, Achija te sezi kenbe manto nèf ki te sou li a, e li te chire li an douz mòso. 31 Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi 32 (men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo), 33 akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.
34 “‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, 35 men Mwen va rache wayòm nan nan men fis li pou bay ou, menm dis tribi. 36 Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an. 37 Mwen va pran ou e ou va renye sou nenpòt sa ou vle e ou va wa sou Israël. 38 Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm. 39 Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’”
40 Akoz sa, Salomon te chache mete Jéroboam a lanmò, men Jéroboam te leve e te sove ale rive an Égypte kote Schischak, wa Égypte la, e li te rete an Égypte jiska lanmò Salomon.
1 Pawòl predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem. 2 “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” 3 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la? 4 Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan. 5 Anplis, solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò. 6 Van an soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò. 7 Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò. 8 Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande. 9 Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la. 10 Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo. 11 Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.
12 Mwen menm, predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem. 13 Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo. 14 Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van. 15 Sa ki kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte. 16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” 17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van. 18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.