Pawòl Agur ak wa Lemuel yo
984 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la:
nonm nan pale Ithiel,
a Ithiel ak Ucal:
2 “Anverite, mwen pi bèt pase tout moun
e mwen pa gen konprann a yon nonm.
3 Mwen pa t aprann sajès,
ni mwen pa gen konesans a Sila Ki Sen an.
4 Kilès ki te monte nan syèl la e te desann?
Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li?
Kilès ki te vlope dlo nan vètman li?
Kilès ki te etabli tout pwent tè yo?
Ki non li e ki non fis Li a?
Asireman, ou konnen!
5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
6 Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
7 “De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
10 “Pa pale mal yon esklav a mèt li,
sinon li va modi ou, e ou va twouve koupab.
11 Gen yon kalite moun ki modi papa li
e refize beni manman l.
12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
13 Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo,
e pòpyè zye li leve ak awogans.
14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe
ak machwè tankou kouto,
ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo,
e fè moun malere yo disparèt pami moun.
15 “Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’.
“Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
16 Sejou Lanmò a, vant fanm esteril la,
latè a ki pa janm jwenn dlo ase,
ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’.
17 “Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman,
kòbo nan vale a va vin rache l,
e jenn èg yo va manje li.
18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,
kat ke m pa konprann:
19 Vòl a yon èg nan syèl la,
pa sèpan an sou wòch,
chemen gwo bato a nan mitan lanmè,
ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
20 “Men konsa chemen a fanm adiltè a:
Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
21 “Anba twa bagay, latè tranble,
e anba kat, li pa ka kenbe:
22 Anba yon esklav lè li vin wa,
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
23 anba yon fanm neglije lè l jwenn mari,
ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
25 Foumi se pa yon pèp ki fò;
men yo prepare manje yo nan gran sezon.
26 Chat mawon se pa yon pèp pwisan;
men yo fè kay yo nan wòch.
27 Krikèt volan yo pa gen wa;
men yo parèt byen alinye.
28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;
sepandan, li antre nan palè a wa a.
29 “Gen twa bagay ki mache parèt bèl,
menm kat ki bèl lè yo mache:
30 Lyon ki pwisan pami bèt yo,
e ki pa fè bak devan okenn bèt;
31 Jan kòk mache a,
menm ak mal kabrit,
o yon wa lè lame parèt avè l.
32 “Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo,
oswa si ou te fè konplo pou mal,
mete men ou sou bouch ou.
33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè,
ak peze nen pote san;
se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
31:1 Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2 “O fis mwen an!
O fis a vant mwen an!
O fis a ve mwen yo!
3 Pa bay fòs ou a fanm,
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4 Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14 Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 Li mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
18 Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
19 Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
20 Li lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,
paske tout lakay abiye an wouj.
22 Li fè kouvèti pou tèt li;
tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,
lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24 Li fè vètman an len pou vann yo,
e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25 Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
26 Li ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
27 Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje pen laparès.
28 Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29 “Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
31 Ba li sa ke men l te pwodwi,
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.