Lòt pwovèb Salomon yo (continued)
984 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2 Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;
men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.
3 Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
4 Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
5 Moun mechan yo pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm lapriyè li abominab.
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.
19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se parèy ak yon moun ki detwi.
25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
29:1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va vin kraze sibitman san remèd.
2 Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
5 Yon nonm ki flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
6 Pa transgresyon yon nonm mechan
vin pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun saj yo kalme kòlè.
9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10 Moun k ap vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11 Moun san konprann toujou fache;
men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12 Si gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.
14 Si yon wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
15 Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men moun dwat yo va wè tonbe yo.
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon lespri enb va jwenn respè.
24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li pran sèman an men li pa pale anyen.
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat,
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.