Lòt pwovèb Salomon yo (continued)

984 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Pwovèb Yo 26–27

1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,

se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.

2 Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,

se konsa yon madichon san koz p ap poze.

3 Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,

ak baton pou do a moun ensanse a.

4 Pa reponn yon moun ensanse selon foli li,

oswa ou va vin tankou li.

5 Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,

pou l pa vin saj nan pwòp zye li.

6 Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,

ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.

7 Tankou janm ki initil pou moun bwate a,

se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.

8 Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal

se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.

9 Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg,

se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.

10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,

se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,

ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.

11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li,

se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.

12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?

Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.

13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!

Yon lyon nan plas la!”

14 Tankou pòt la vire sou gon li,

se konsa parese a sou kabann li.

15 Parese a fouye men l nan plato a;

men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.

16 Parese a pi saj nan pwòp zye li

pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.

17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,

se konsa sila k ap pase pa aza a,

pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.

18 Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,

19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di:

“Èske se pa blag mwen t ap fè?”

20 Akoz mank bwa, dife a etenn;

lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.

21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,

se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.

22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,

vin tankou bèl ti mòso delika.

Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.

23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,

se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.

24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;

men nan kè l, li fè depo desepsyon.

25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;

paske, gen sèt abominasyon nan kè l.

26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,

mechanste li va devwale devan asanble a.

27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,

e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.

28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,

e zèv a lang flatè a se dega.

27:1 Pa vin ògeye sou bagay demen,

paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.

2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj,

e pa fè ak pwòp bouch ou.

Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,

e pa de pwòp lèv ou.

3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;

men moun ensanse k ap anmède a

pi lou pase yo tou de.

4 Fachez rèd fè move.

Kòlè se yon inondasyon.

Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.

5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.

6 Fidèl se blese a yon zanmi;

men twonpri se bo a yon ènmi.

7 Moun vant plen rayi siwo myèl;

men pou sila ki grangou,

nenpòt bagay anmè vin dous.

8 Tankou yon zwazo ki egare nich li,

se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.

9 Lwil ak pafen fè kè kontan;

se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.

10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.

Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.

Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.

11 Sèvi ak sajès, fis mwen,

e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.

12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;

men sila ki fou a avanse pou peye pri a.

13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,

e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.

14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,

sa va rekonèt kon madichon pou li.

15 Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli

avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:

16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,

oswa sezi lwil ak men dwat li.

17 Se fè ki file fè;

se konsa yon nonm file zanmi l.

18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,

e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.

19 Tankou nan dlo, figi reflete figi,

konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.

20 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;

ni zye a lòm pa janm satisfè.

21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;

konsa, yon nonm rafine pa lwanj ke l resevwa.

22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,

tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.

23 Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,

e okipe twoupo ou yo;

24 paske richès pa la pou tout tan,

ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.

25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,

e zèb mòn yo fin ranmase.

26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,

e kabrit yo va mennen pri a yon chan.

27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou,

pou manje tout lakay ou,

ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.