Schischak anvayi Juda
970 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
2 Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, 3 avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo. 4 Li te kaptire vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem. 5 Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”
6 Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”
7 Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: “Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak. 8 Men yo va devni esklav li, pou yo kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”
9 Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay. 10 Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo. 11 Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo. 12 Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, tout bagay te mache byen an Juda.
13 Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan. 14 Li te fè mal, paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.
15 Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. 16 Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, Abija te vin wa nan plas li.
1 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. 2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. 3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: 4 “Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.”
Konsa, pèp la te ale.
6 Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
8 Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. 9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! 11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” 13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. 19 Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.
11:1 Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam. 2 Men pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di: 3 “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di: 4 ‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
25 Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. 26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. 27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. 28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.
29 Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 30 Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. 31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.