Yo mennen dis tribi yo an kaptivite
Swit rèy Osée a. Yo mennen dis tribi yo an kaptivite.
723 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
5 Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan. 6 Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.
7 Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo, 8 epi yo te mache selon koutim a lòt nasyon yo ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo nan movèz abitid ke wa Israël yo te etabli yo. 9 Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo. 10 Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt, 11 epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a. 12 Yo te sèvi zidòl, selon sila SENYÈ a te di yo: “Ou pa pou fè bagay sa a.” 13 Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li yo. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.” 14 Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a. 15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo. 16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li. 18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.
19 Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo. 20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li. 21 Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche. 22 Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo 23 jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.
9 Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li. 10 Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire. 11 Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo, 12 paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.