Pati 14: Rèy Manassé a

Wayòm Juda a

Adorasyon zidòl Manassé a

698 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 21:1–16

1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba. 2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. 3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. 4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.” 5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a. 6 Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7 Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8 Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.” 9 Men yo pa t koute e Manassé te sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.

10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: 11 “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo; 12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 13 Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. 14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo, 15 akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”

16 Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.

Ésaïe anonse kaptivite Schebna

Ésaïe 22:15–25

15 Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a. 16 ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?” 17 Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di, 18 epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a. 19 M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.

20 Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a, 21 Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a. 22 Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li. 23 Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l. 24 Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal. 25 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”