Kaptivite ak lanmò Manassé

676 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 33:11–20

11 Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l nan chenn. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.

12 Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo. 13 Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.

14 Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo. 15 Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. 16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la. 17 Sepandan, pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.

18 Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinò yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo. 19 Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo. 20 Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.

II Wa Yo 21:17–18

17 Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 18 Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.

II Kwonik Yo 33:1–10

1 Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. 2 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. 3 Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. 4 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” 5 Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo. 6 Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7 Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8 Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.” 9 Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.

10 SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm.

Ansyen tèritwa dis tribi yo 678 anvan Christ

Eta pwovens ki te pou dis tribi yo yon lè.

II Wa Yo 17:24–41

24 Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo. 25 Lè yo te kòmanse viv la, yo pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo. 26 Akoz sa, yo te pale avèk wa Assyrie. Yo te di li: “Nasyon sa yo ke ou te pote ale an egzil nan lavil Samarie yo pa konnen koutim a dye nan peyi a. Pou sa, li te voye lyon pami yo, e tande byen, yo touye yo akoz yo pa konnen koutim a dye nan peyi a.”

27 Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”

28 Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.

29 Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la. 30 Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima. 31 Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo. 32 Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo. 33 Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo. 34 Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, ke li te bay non Israël yo; 35 avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo. 36 Men SENYÈ a, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis. 37 Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo. 38 Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo. 39 Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”

40 Sepandan, yo pa t tande; men yo te fè selon abitid pa yo. 41 Pou sa, malgre nasyon sila yo te gen lakrent SENYÈ a, yo osi te sèvi zidòl pa yo. Pitit pa yo tou ak pitit pitit pa yo, jis jan ke zansèt pa yo te konn fè; konsa, yo fè jis rive jodi a.