Pati 15: Rèy Amon
643 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
19 Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. 20 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a. 21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo. 22 Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 23 Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. 24 Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. 25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 26 Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
21 Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem. 22 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo. 23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li. 24 Anfen, sèvitè li yo te fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li. 25 Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.