Pati 16: Rèy Josias
Josias Elimine Adorasyon Zidòl
641 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo. 4 Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kraze yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo. 5 Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem. 6 Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo, 7 li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.
Yo Chwazi Jérémie kòm Pwofèt 629 anvan Christ
1 Pawòl a Jérémie yo, fis a Hilkija a, youn nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin. 2 Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an. 3 Li te anplis, vin rive nan jou Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”
7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10 Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
13 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?
Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” 14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 15 Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;
“Yo va vini, e yo chak va plase twòn yo
nan antre pòtay Jérusalem nan,
kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,
akòz yo te abandone Mwen,
te ofri sakrifis a lòt dye yo,
e te adore pwòp zèv men pa yo.
17 “Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. 18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. 19 Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.