Osée anonse kaptivite dis tribi yo (continued)

Osée anonse kaptivite dis tribi yo, epi li ankouraje pèp la pou l repanti.

725 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Osée 12–14

1 Éphraïm manje sou van,

e kouri dèyè van lès la.

Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.

Anplis, li fè yon akò ak Assyrie

e lwil vin pote an Égypte.

2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda

e Li va pini Jacob selon chemen li yo.

Li va rekonpanse li selon zak li yo.

3 Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon;

epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.

4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;

li te kriye e li te chache favè li.

Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.

5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,

SENYÈ a se non Li!

6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,

Swiv ladousè ak lajistis,

e tann Bondye ou a tout tan.

7 Men yon machann, ak fo balans lan nan men l.

Li renmen twonpe moun.

8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.

Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;

Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri

okenn inikite, ki ta peche.”

9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò,

tankou nan jou fèt deziye yo.

10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo

e mwen te miltipliye vizyon yo;

epi selon ministè pwofèt yo,

mwen te sèvi parabòl.

11 Èske gen inikite nan Galaad?

Anverite, yo tout san valè.

Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;

wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.

12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,

Israël te travay pou resevwa yon madanm.

Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.

13 Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a

te mennen Israël sòti an Égypte.

Pa yon pwofèt, li te vin prezève.

14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.

Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li,

e fè repwòch li tounen sou li.

13:1 Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.

Li te leve tèt li wo an Israël;

men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.

2 Epi koulye a, yo peche plis toujou,

e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan,

menm zidòl yo selon jan yo konprann.

Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.

Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”

3 Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an

ak lawouze k ap disparèt bonè,

tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,

e tankou Lafimen soti nan chemine.

4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,

depi nan peyi Égypte la;

epi ou pa pou konnen okenn dye

sof ke Mwen;

paske nanpwen sovè sof ke Mwen.

5 Mwen te pran swen ou nan dezè a,

nan peyi sechrès la.

6 Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;

yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.

Konsa, yo te bliye Mwen.

7 Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo.

Kon yon leyopa, Mwen va kouche

an kachèt bò chemen an.

8 Mwen va rankontre yo kon yon lous

ki fenk fin pèdi pitit li,

e mwen va chire lestomak yo nèt.

Sou plas, Mwen va devore yo tankou

yon manman lyon,

jan yon bèt sovaj ta chire yo.

9 Se destriksyon pa w, O Israël!

Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.

10 Kote wa ou a koulye a,

pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?

Ak jij ke ou te mande yo: “Ban mwen

yon wa ak prens yo”?

11 Mwen te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,

e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.

12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;

peche li vin mete nan depo.

13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;

se pa yon fis ki saj, k ap rete nan vant

ki ouvri e k ap tann li soti a.

14 Mwen va rachte yo soti

anba pouvwa a Sejou mò yo;

mwen va rachte yo soti anba lanmò.

O lanmò! Kote pikan ou yo?

O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?

Repantans va vin kache devan zye M.

15 Malgre li pote fwi pami frè li yo,

yon van nan lès va vini;

van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.

Sous dlo li va vin sèch,

e fontèn dlo li va seche.

Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.

16 Samarie va pote koupabilite li,

paske li te fè rebèl kont Bondye li a.

Yo va tonbe pa nepe.

Timoun piti yo va vin kraze an mòso,

epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

14:1 Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.

Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.

2 Pran avèk ou menm pawòl yo,

pou retounen kote SENYÈ a.

Di Li: “Retire tout inikite nou yo,

e resevwa nou ak gras Ou,

pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.

3 Assyrie p ap sove nou.

Nou p ap monte sou cheval;

ni nou p ap di ankò a

zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”

Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”

4 “Mwen va geri enfidelite yo;

Mwen va renmen yo an abondans,

paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.

5 Mwen va tankou Lawouze pou Israël;

li va fleri kon flè lis,

e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.

6 Boujon li yo va vin pete,

e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.

Li va santi bon kon bèl odè Liban an.

7 Moun yo va rete nan lonbraj li.

Yo va reprann fòs tankou sereyal ki jwenn lapli;

yo va fleri tankou pye rezen.

Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.

8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?

Se Mwen menm ki okipe l;

Mwen tankou yon pye siprè byen vèt;

nan Mwen, tout fwi ou sòti.”

9 Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;

Sila ki pridan an, kite li konnen yo.

Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,

e moun ladwati a va mache ladan yo;

men transgresè yo va glise tonbe nan yo.