Osée anonse kaptivite dis tribi yo (continued)

Osée anonse kaptivite dis tribi yo, epi li ankouraje pèp la pou l repanti.

725 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Osée 9–11

1 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo!

Paske ou te fè pwostitisyon.

Ou te abandone Bondye ou a.

Ou te renmen salè kòb ki konn

ranmase sou nenpòt glasi vannen.

2 Glasi vannen an ak pèz diven an p ap nouri yo,

e diven nèf la va fè yo vin twonpe.

3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a,

men Éphraïm va retounen an Égypte,

e yo va manje sa ki pa pwòp an Assyrie.

4 Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a,

Ni yo p ap fè L plezi.

Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò.

Tout moun ki manje ladann va vin souye,

paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo.

Li p ap antre lakay SENYÈ a.

5 Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a,

ak nan jou a fèt SENYÈ a?

6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon,

Égypte va ranmase yo.

Moph va antere yo.

Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo.

Se bwa pikan k ap fè tant yo.

7 Jou pinisyon yo gen tan rive.

Jou jijman yo gen tan rive.

Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou,

moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli,

akoz inikite ou yo tèlman vin anpil,

e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.

8 Yon pwofèt veye sou Éphraïm

avèk Bondye mwen an.

Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo,

e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.

9 Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon,

tankou nan jou a Guibea yo.

Li va sonje inikite yo.

Li va pini peche yo.

10 Mwen te twouve Israël

tankou rezen yo nan dezè.

Mwen te wè papa zansèt nou yo

tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li.

Men yo te rive kote Baal-Peor;

yo te konsakre tèt yo a gwo wont,

e yo te vin abominab menm jan

ak sila ke yo te renmen an.

11 Pou Éphraïm glwa yo va vole ale kon zwazo.

P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.

12 Malgre yo leve pwòp pitit yo,

Mwen va prive yo de yo,

jiskaske pa gen yon moun ki rete.

Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!

13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la,

plante nan yon bèl chan;

men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.

14 Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo?

Bay yo yon ti vant foskouch ak tete sèch.

15 Tout mechanste yo se nan Guilgal;

Anverite se la Mwen te rayi yo!

Akoz mechanste a zak yo,

Mwen va chase yo sòti lakay Mwen.

Mwen p ap renmen yo ankò;

tout prens yo se rebèl.

16 Éphraïm vin frape.

Rasin yo vin sèch.

Yo p ap bay fwi.

Menm si yo ka fè pitit,

Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.

17 Bondye mwen an va jete yo deyò

akoz yo pa t koute Li;

epi yo va vin vagabon pami nasyon yo.

10:1 Israël se yon pye rezen byen fètil;

li pwodwi fwi pou pwòp tèt li.

Selon kantite fwi li te genyen,

li te miltipliye lotèl li yo.

Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.

2 Kè yo vin divize.

Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo.

SENYÈ a va kraze lotèl yo.

Li va detwi pilye sakre yo.

3 Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa,

paske nou pa krent SENYÈ a.

Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”

4 Se sèlman pawòl ke yo pale,

ak fo sèman pou fè akò.

Donk jijman yo pete leve tankou zèb

k ap anpwazone nan tras chan yo.

5 Pèp Samarie yo va gen lakrent

akoz jenn bèf Beth-Aven nan.

Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li,

ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li,

pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.

6 Sa va pote ale osi an Assyrie

pou fè omaj a Wa Jareb.

Éphraïm va resevwa lawont,

e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.

7 Pou Samarie, wa li a va vin peri

tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo.

8 Anplis, wo plas Aven yo,

peche Israël la, va vin detwi.

Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo.

Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!”

E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”

9 O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche.

Se la yo te kanpe!

Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.

10 Lè se volonte Mwen,

Mwen va bay yo chatiman.

Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo

lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.

11 Éphraïm se yon gazèl bèf byen antrene

ki renmen foule grenn nan,

men Mwen va pase jouk la

sou bèl kou li a.

Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm.

Juda va raboure.

Jacob va repase pou kraze bol tè a.

12 Simen a nou menm anvè ladwati,

rekòlte selon ladousè.

Fann tè ki poze ou a;

se lè pou chache SENYÈ a

jis lè Li vin vide ladwati sou nou.

13 Nou te raboure mechanste;

nou te rekòlte lenjistis.

Nou te manje fwi manti a,

akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou,

nan fòs kantite gèrye pwisan nou yo.

14 Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an

e tout fòterès nou yo va detwi,

tankou Schalman te detwi Beth-Arbel

nan jou batay la,

lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.

15 Konsa li va ye pou nou menm

nan Béthel akoz gwo Mechanste nou yo.

Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt.

11:1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;

epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.

2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.

Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,

e brile lansan bay zidòl yo.

3 Malgre sa, se te Mwen

ki te montre Éphraïm jan pou l mache.

Nan bra M, Mwen te pran yo;

men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.

4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,

ak lyann lanmou.

Konsa, Mwen te vini pou yo

kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.

Mwen te bese mete manje devan yo.

5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte,

men Wa Assyrie a va vin wa yo,

akoz yo te refize retounen kote Mwen.

6 Nepe va tonbe kont vil yo,

pou kraze pòtay ak fè fòje yo,

e li va fè tout plan yo disparèt.

7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou vire kite Mwen.

Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,

anverite, yo p ap egzalte.

8 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?

Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?

Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?

Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm?

Kè M vire nèt anndan M;

konpasyon Mwen vin anflame.

9 Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen;

Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.

Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;

Sila Ki Sen nan mitan nou an

e Mwen p ap antre nan kòlè.

10 Yo va mache dèyè SENYÈ a,

Li va gwonde kon yon lyon;

Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,

ap tranble soti nan lwès.

11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,

e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie;

epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.

12 Éphraïm antoure Mwen ak manti,

e lakay Israël ak desepsyon.

Men anplis, Juda toujou egare,

kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.