Wayòm Israël la
Salmanasar anvayi wayòm Osée a
Swit rèy Osée, wa Israël la. Salmanasar anvayi tèritwa Osée yo.
anviwon 725 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
3 Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa. 4 Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare.
Osée anonse kaptivite dis tribi yo 725 anvan Christ
Osée anonse kaptivite dis tribi yo, epi li ankouraje pèp la pou l repanti.
1 Lè M ta geri blesi Israël,
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,
ak mechanste a Samarie a tou;
paske yo aji nan manti.
Vòlè a antre,
bandi yo atake pa deyò.
2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen
Sonje tout mechanste yo.
Alò, zak yo ap antoure yo;
yo devan figi Mwen.
3 Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,
epi prens yo, ak manti yo.
4 Yo tout se adiltè;
yo tankou yon fou
ke bos boulanje sispann chofe,
depi nan lè l ap petri pen an,
jis rive lè pen an fin leve.
5 Nan jou a wa nou an, prens yo
te fè tèt yo malad ak chalè diven an.
Li te lonje men li ak mokè yo.
6 Paske kè yo vin tankou yon fou
pandan y ap kouche tann moun.
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
7 Yo tout cho tankou yon fou.
Yo manje jij yo.
Tout wa yo fin tonbe.
Nanpwen youn pami yo ki rele M.
8 Éphraïm mele li menm ak nasyon yo.
Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
9 Etranje yo devore fòs li,
men li pa wè sa a.
Anplis, cheve blanch yo la sou li,
men li pa konnen.
10 Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li,
men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
11 Konsa, Éphraïm te vin tankou
yon toutrèl egare, san bon sans.
Yo rele vè Egypte.
Yo ale Assyrie.
12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.
Mwen va bay yo chatiman,
jan kongregasyon yo a te tande a.
13 Malè a yo menm!
Paske yo te gaye kite Mwen!
Destriksyon pou yo menm,
paske yo te fè rebèl kont Mwen!
Mwen ta rachte yo,
men yo fè manti kont Mwen.
14 Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,
men yo rele fò sou kabann yo.
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.
Men yo vire kite Mwen.
15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,
malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.
16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.
Prens yo va tonbe devan nepe
akoz ensolans a lang yo.
Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
8:1 Mete twonpèt la sou lèv ou!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
2 Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
3 Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
5 Kite Samarie jete jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
6 Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.
7 Paske yo simen van,
e yo rekòlte toubiyon.
8 Israël vin vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.
9 Paske yo te monte Assyrie,
kon yon bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin febli akoz presyon
a wa de sa yo ak pwisans.
11 Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12 Malgre sa Mwen te ekri pou li
règleman san fen de Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va sonje inikite yo,
e pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
14 Paske Israël te bliye Kreyatè li.
Li te bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,
e konsa, li va devore gwo palè li yo.