Istwa Ruth (continued)

1245 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ruth 3–4

1 Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou? 2 Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a. 3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè. 4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”

5 Epi li te di li: “Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.” 6 Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo. 7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la. 8 Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman santi yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li. 9 Li te di: “Kilès ou ye?”

Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”

10 Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. 11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite. 12 Alò, se vre ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m. 13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”

14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.” 15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te antre nan vil la.

16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?”

Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li. 17 Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”

18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”

4:1 Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita. 2 Li te pran dizòm nan ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita. 3 Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè ki te pou frè nou an, Élimélec. 4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.”

Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”

5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi an, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”

6 Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.” 7 Alò sa se te koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël. 8 Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.

9 Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo. 10 Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”

11 Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan. 12 Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”

13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis. 14 Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! 15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans. 16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.” 17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.

18 Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: Pérets te fè Hetsron, 19 Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab; 20 Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon; 21 Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed; 22 Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.