Gédéon Jij Israël

1245 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jij Yo 6:7–7:25

7 Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian, 8 ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la. 9 Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo. 10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”

11 Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo. 12 Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”. 13 Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”

14 SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”

15 Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”

16 Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”

17 Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen yon sign ke se Ou menm ki pale avè m. 18 Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.”

Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”

19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.

20 Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.”

Epi konsa li te fè. 21 Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.

22 Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”

23 Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”

24 Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.

25 Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a. 26 Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fòterès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarté ke ou va koupe mete atè a.”

27 Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.

28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati. 29 Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?”

Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”

30 Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.” 31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”

32 Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”

33 Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la. 34 Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li. 35 Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.

36 Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, 37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”

38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.

39 Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” 40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.

7:1 Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a. 2 SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’ 3 Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: ‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete.

4 Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.” 5 Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.” 6 Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè. 7 SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.” 8 Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo, men te kenbe twa-san mesye yo. Kan Madian an te anba nan vale a. 9 Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, paske mwen te livre li nan men ou. 10 Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an. 11 Ou va tande kisa yo di: apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.

12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.

13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”

14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”

15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”

16 Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.

17 Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a. 18 Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’”

19 Konsa, Gédéon avèk san mesye ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo. Konsa, yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo. 20 Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!” 21 Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an, epi tout lame a te sove ale. Yo te kriye fò e yo te pran flit. 22 Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath. 23 Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian. 24 Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te di: “Vin desann kont Madian e pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bara avèk rivyè Jourdain an!” 25 Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.