Madian Mete fis Israël yo nan Esklavaj
Madian mete fis Israël yo ki nan lès ak nan nò nan esklavaj, epi Gédéon vin jij.
1252 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane. 2 Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch. 3 Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo. 4 Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik. 5 Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li. 6 Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
Istwa Ruth 1245 anvan Christ
1 Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo. 2 Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la. 3 Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo. 4 De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane. 5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li. 6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje. 7 Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda. 8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. 9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.”
Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. 10 Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”
11 Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo ta vin mari nou? 12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis, 13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m tris pou ka nou yo. Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”
14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” 20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m. 21 Mwen te sòti plen, men SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” 22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.
2:1 Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz. 2 Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.”
Epi li te di l: “Ale fi mwen.” 3 Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la.
4 Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.”
Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”
5 Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?”
6 Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la. 7 Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten pou jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”
8 Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo. 9 Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.”
10 Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”
11 Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan. 12 Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”
13 Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”
14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.”
Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete. 15 Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm. 16 Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.”
17 Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj. 18 Li te pran li e te antre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.
19 Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!”
Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.” 20 Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”
21 Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’”
22 Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.” 23 Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.