Débora, Pwofetès la, Jij Israël

Yo fòse fis Israël yo ki nan nò sèvi Kananeyen yo, epi Débora, pwofetès la, vin jij.

1305 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jij Yo 4

1 Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. 2 Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm. 3 Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan. 4 Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a. 5 Li te konn chita anba pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te konn vin vè li pou l fè jijman. 6 Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. 7 Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e mwen va mete li nan men ou.” 8 Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen p ap prale.”

9 Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch. 10 Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. 11 Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la. 12 Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor. 13 Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon. 14 Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. 15 SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye. 16 Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete. 17 Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.

18 Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.

19 Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li. 20 Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”

21 Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.

22 Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.

23 Konsa, Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo. 24 Men a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.

Chante Débora ak Barak 1285 anvan Christ

Jij Yo 5

1 Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:

2 “Akoz chèf yo te dirije Israël,

akoz pèp la te pran desizyon,

beni SENYÈ a!

3 “Tande O wa yo!

Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!

Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.

Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.

4 “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir,

lè Ou te mache soti nan chan Édom an,

tè a te tranble e syèl la te fonn,

menm nwaj yo te degoute dlo.

5 Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a,

Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.

6 “Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la,

nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone,

e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.

7 Aktivite abitan yo te sispann.

Yo te sispann an Israël,

jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve.

Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.

8 Yo te pito dye nèf yo.

Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo.

Èske gen lans, èske gen nepe,

pami karant-mil lòm an Israël yo?

9 Kè m apiye vè chèf Israël yo,

mesye ki parèt ak bòn volonte pami pèp la.

Beni SENYÈ a!

10 “Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo,

nou menm ki chita sou tapi chè yo,

ak nou menm ki vwayaje sou wout la.

11 Lwen bwi achè yo,

nan kote y ap rale dlo,

la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a,

zèv ladwati pou moun li yo an Israël.

“Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.

12  ‘Leve, leve, Débora!

Leve, leve, chante yon chan!

Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’

13 “Retay prens yo ak chèf yo te desann.

SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisan yo.

14 Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Ephraïm.

Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a.

Soti nan Makir, kòmandan yo te desann.

E soti nan Zabulon,

sila ki voye baton pouvwa yo.

15 Prens Issacar yo te avèk Débora.

Tankou Issacar, konsa Barak.

Nan vale a, yo te plonje dèyè talon li.

Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.

16 Poukisa nou chita pami pak mouton yo

pou tande kri a bann mouton yo?

Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè

ki manke pran desizyon.

17 Galaad te rete lòtbò Jourdain an.

Poukisa Dan te rete nan bato yo?

Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?

18 Men Zabulon, yon pèp ki pa t

konsidere lavi yo jiska devan lanmò;

ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.

19 “Wa yo te parèt. Yo te goumen;

wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac,

toupre dlo a Méguiddo yo.

Yo pa t pran piyaj an ajan.

20 Zetwal yo te goumen soti nan syèl la,

soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.

21 Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale,

ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an.

O nanm mwen mache avanse ak fòs.

22 Epi zago cheval yo te bat akoz kous la;

kous a tout gwo zago pwisan sa yo.

23 ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a!

Modi pèp ki rete la a nèt,

akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisan yo.’

24 “Beni pase tout fanm yo se Jaël,

madanm Héber a, Kenyen an.

Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.

25 Li te mande dlo; li te ba li lèt.

Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.

26 Li te lonje men li pou pran pikèt la,

men dwat la pou mato ouvriye a.

Konsa, li te frape Sisera.

Li te kraze tèt li.

Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.

27 Antre janm li yo, li te tonbe.

La, li kouche.

Kote gason an te bese a,

la, li te tonbe mò.

28 “Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble:

Manman Sisera te gade anndan treyi a.

‘Poukisa cha l la fè reta konsa?

Poukisa nou poko tande bwi

a pye cheval cha li yo,

k ap frape tè a pou l rive?’

29 Demwazèl saj li yo tap reponn li;

Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li

30 ‘Èske se pa ke yo te jwenn,

ke y ap divize piyaj la?

Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye;

pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse,

piyaj a yon twal anbeli trese byen fen;

yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’

31 “Se konsa pou kite tout lènmi

Ou yo peri, O SENYÈ,

men ke sila ki renmen Li yo

vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.”

Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.