Setyèm koup la: Batay Harmaguédon an
Yo vide setyèm koup la. Kounye a 1260 ane yo fin pase. Rekòt rezen kòlè Bondye a, ansyen pwofèt yo te anonse depi lontan, kòmanse kounye a, avèk gwo boulvèsman ak lagè ki dire lontan sou tout tè a. Kounye a, lè pou deside rezilta long lit ant byen ak mal la rive. De fo relijyon yo, papote a ak mank lafwa, mete tèt yo ansanm kont rès legliz la, kont Jwif yo k ap rasanble pou restorasyon yo te pwomèt yo depi lontan an, epi kont gwo nasyon maritim nan, ki pwobableman se Angletè (Ésaïe 17:18), jouk batay Harmaguédon an fèt kounye a nan Palestin. Koup sa a kapab byen kouvri anpil ane.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
17 Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: “Sa fin fèt.”
18 Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.
20 Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.
21 Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.
Papote a anvan chit li
Apre anons jeneral gwo evènman sa yo, yo montre pwofèt la istwa ak eta papote a anvan yo ranvèse l nèt.
1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
3 Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn. 4 Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. 5 Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.
6 Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.
7 Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen sèt tèt ak dis kòn yo. 8 Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.
9 “Men panse ki gen sajès la. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita yo. 10 Yo se sèt wa. Senk te tonbe, youn la toujou, e lòt la poko vini, epi lè l vini, li dwe rete pou yon ti tan. 11 Bèt ki te ye a, e ki pa la a, li se yon uityèm tou, e youn nan sèt yo. L ap wale nan destriksyon.
12 “Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan. 13 Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la. 14 Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.
15 “Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo. 16 Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.
17 “Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou bay wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.
18 “Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”
Chit papote a ak chit rejè relijyon an
Yo dekri an detay chit papote a ak chit rejè relijyon an.
1 Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li. 2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab. 3 Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
4 Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo. 5 Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo. 6 Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li. 7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.” 8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
9 “Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a. 10 Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’
11 “Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò. 12 Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak len fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab. 13 Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.
14 “Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò. 15 Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante. 16 Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an len fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo; 17 Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.
18 “E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?” 19 Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!” 20 “Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
21 Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò. 22 Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou. 23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.
“Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a. 24 Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”