Legliz la rejwi pou chit ènmi l yo
Legliz espirityèl la rejwi pou chit ènmi l yo ki adore zidòl e ki pèsekite l.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. 2 Paske jijman Li yo vre e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
3 “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”
4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”
5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”
10 Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”
Pitit Bondye a sanble parèt lè yo ranvèse mal la
Aparisyon vizib Pitit Bondye a ki sanble ap fèt lè yo ranvèse mal la nèt, menm jan li te parèt devan patriyach yo ak devan apot yo apre rezirèksyon li; epi kòmansman yon nouvo epòk nan plan Bondye a ak triyonf yon legliz espirityèl.
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; 18 pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”
19 Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.
20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.
Satan mare pou milenè a
Apre long boulvèsman, lagè ak revolisyon ki te akonpaye ranvèsman mal la, yon long peryòd repo mil ane kòmanse, e se mare Satan an ki reprezante l. Menm jan lespri anpil moun te leve ansanm ak Kris lè li te resisite, yo di lespri mati yo ak lespri moun nan legliz fidèl la ap viv ankò avèk Kris pandan aparisyon vizib li nan epòk sa a (2000–3000).
1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2 Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
4 Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an. 6 Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
Mal la repran fòs, apre sa dènye jijman an
Lè epòk mil ane a nan plan Bondye a ap pwoche nan fen li, lespri mal la kòmanse repran fòs, men rezirèksyon tout moun ak dènye jijman limanite a anpeche l pwogrese pi lwen.
7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an, 8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Lanmò, mal ak chagren pa la ankò
Yon deskripsyon bonè etènèl k ap vini an, lè lanmò, mal ak chagren p ap egziste ankò nan mitan lèzòm.
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
Kris envite tout moun patisipe nan bonè sa a
Kris deklare sa imaj sa a montre a sèten e li vre, epi li envite tout moun patisipe nan bonè sa a.
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”