Nouvo Jérusalem nan ak yon nouvo Paradi
Yo kontinye prezante bonè espirityèl legliz selès la, ki rasanble moun nan tout limanite, avèk senbòl yon Nouvo Jérusalem ak yon lòt Paradi, de imaj tout moun konnen ki te reprezante lavi nan syèl la nan de epòk anvan yo nan plan Bondye a.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
9 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.” 10 Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. 11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal. 12 Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo. 13 Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès. 14 Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.
15 Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a. 16 Vil la te fèt kon yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal. 17 Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.
18 Materyèl miray la te jasp. Vil la se te lò pi, tankou vit klè. 19 Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod, 20 senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis. 21 Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.
22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li. 23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
26 Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
22:1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
6 Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”
Yo pa dwe sele pwofesi yo
Kris deklare yo pa dwe sele pwofesi ki nan Apocalypse yo, paske yo la pou tout limanite konnen yo epi vin pi bon.
10 Epi li te di mwen: “Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11 Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
Dènye apèl Kris fè monn nan
Kounye a Kris fè dènye apèl li bay monn nan atravè Lespri pwofesi a. Li deklare ankò li se Bondye e li se moun, li envite tout limanite antre nan legliz Kretyen an, li kòmande yo pou yo pran Ekriti Sen yo kòm gid yo, epi li anonse l ap tounen.
16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.
18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.
20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.”
Amen. Vini, Senyè Jésus.
Jean swaf wè Kris vini
Jean fini Apocalypse avèk yon gwo dezi pou Kris vini, ansanm ak yon priyè pou legliz yo resevwa yon benediksyon.
21 Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.