Jean ekri kont fo anseyan yo
Jean ekri lèt sa a pou demanti erè fo anseyan yo ak divès sèk yo. Li ekri kont Dosetis yo, ki te nye Kris te moun toutbon (1 Jean 4:3), e ki te pretann kò li ak soufrans li yo pa t reyèl, men se te bagay imajinè; kont Serentyen yo ak Ebyonit yo, ki te kwè li te yon senp moun, e se ajoute yo te ajoute nati Bondye a sou li, epi nati sa a te kite l nan moman soufrans li yo (1 Jean 2:22); epi kont Nikolayityen yo (Apocalypse 2:15), oswa Nostik yo, ki te anseye konesans Bondye ak Kris te sifi pou delivrans, e kòm lafwa te fè yo vin jis e yo te libere anba restriksyon Lalwa yo, yo te kapab lage kò yo nan peche san yo pa pini yo. Li avèti Kretyen yo pou yo pa kite ansèyman ak pratik sa yo twonpe yo, epi li kondane yo avèk pawòl ki pi fèm yo. Li montre jan yo diferan ak verite ak ansèyman levanjil yo te resevwa yo, e li ankouraje yo pou yo kontinye rete ladan yo.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Pawòl Lavi a te gen yon kò reyèl
Pou l kontrekare fo anseyan yo, Jean kòmanse afime Jésus Kris, ki te egziste depi letènite, te gen yon kò reyèl kòm yon moun. Kòm prèv, li deklare yo te tande l pale, yo te gade l, epi yo te manyen l apre rezirèksyon li, e temwayaj sans yo te ba yo te konvenk yo se te menm moun nan. Sous Lavi a, Fis la oswa Pawòl Lavi Bondye a, te parèt nan lachè devan tout moun, e apot yo te wè l. Yo rann temwayaj sou lavi etènèl li te genyen avèk Papa a, lavi li te fè yo konnen nan batèm li ak transfigirasyon li. Apot yo fè konnen mirak ak ansèyman yo te wè ak tande yo, pou tout moun ki kwè temwayaj yo kapab patisipe ansanm avèk yo nan kominyon avèk Bondye ak Kris. Inyon sa a avèk nati Bondye a t ap fè lajwa yo vin konplè.
1 Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2 epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
3 Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4 Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.
Bondye se limyè, epi peche se fènwa
Pou demanti ansèyman moun ki te fè favè Bondye a tounen yon pèmisyon pou viv nan imoralite, Jean deklare Bondye se limyè ki pafè, kidonk li se konesans ki pafè ak sentete san tach, san okenn ti enpèfeksyon ni okenn inyorans. Konsa, moun ki pretann yo nan kominyon ak Bondye pandan y ap mennen yon lavi nan peche aji yon fason ki kontrè ak nati sen li menm jan fènwa kontrè ak limyè. Moun ki mache dapre limyè yo resevwa nan men li, li menm ki pi e ki sen nan nati li e yon fason pafè, gen kominyon ak Bondye, epi san Kris ki fè ekspyasyon an ap netwaye yo anba peche. Moun ki di yo pa gen peche, e konsa yo pa bezwen yon Sovè, pa konnen ni pwòp kè yo ni gran verite levanjil la sou limanite ki tonbe nan peche epi ki retabli. Men, moun ki santi koupabilite yo byen fon epi ki konfese peche yo bay Bondye ap jwenn padon pou peche yo, e aksyon Lespri Sen an k ap sanktifye yo ap netwaye kè yo. Paske Bondye fidèl ak pwomès mizèrikòd li yo (Sòm 32:5; Pwovèb 28:13) e li jis dapre pwòp pèfeksyon li yo, piske Kris te fè ekspyasyon pou satisfè jistis Bondye. Moun ki pretann yo pa janm peche fè Bondye pase pou yon mantè, epi yo pa ka gen okenn konesans pawòl li a, ki deklare nan tout revelasyon li a limanite antye nan yon eta koripsyon, anba koupabilite ak kondanasyon.
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
Avoka nou an, ak mak vrè lafwa a
Antanke papa espirityèl yo, Jean pale ak moun ki fèk konvèti yo. Li montre mizèrikòd Bondye nan redanmsyon an, pa mwayen san Kris, ta dwe anpeche yo peche olye li ankouraje yo fè sa (Sòm 130:4). Moun ki peche akoz feblès yo gen yon avoka ki rete bò kote Papa a, e ki se sakrifis ekspyasyon pou peche tout kwayan yo, ni Jwif yo ni payen yo. Sèl mak ki sèten pou vrè lafwa ak vrè konesans Bondye se obeyi kòmandman li yo. Paske nenpòt moun ki pretann li konnen Bondye (jan nostik yo te fè sa) epi ki lage kò l nan peche se yon mantè, e li aji kont laverite. Men, nan moun ki obeyi ansèyman li yo, objektif lanmou Bondye nan lanmò Kris la rive nan pèfeksyon li, epi yo konnen yo gen kominyon avèk li grasa aksyon Lespri li nan kè yo ak nan lavi yo. Paske nenpòt moun ki pretann li ini ak Kris pa mwayen Lespri li dwe mache, oswa konpòte l, jan Kris te fè sa lè li te sou tè a.
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
Yon ansyen kòmandman ki vin nouvo
Lè Jean ankouraje yo viv nan sentete epi obeyi Kris, li pa ekri yon nouvo kòmandman, men yon kòmandman lalwa natirèl la ak lòd Bondye te etabli pa mwayen Moïse la te deja anseye (Deutéronome 18:15). Yon lòt bò, yo ka rele l yon nouvo kòmandman, paske li renouvle epi li vin gen plis fòs grasa rezon ak obligasyon ki pi wo: senbòl ki te nan lòd Bondye te etabli pa mwayen Moïse la te deja pase, epi limyè laverite a ap klere, li montre sans yo ak akonplisman yo. Nenpòt moun ki rayi frè li pa gen kominyon ak Bondye, men, menm jan ak Jwif yo ki te rayi payen yo, li nan fènwa ak inyorans, kèlkeswa sa li pretann. Men, nenpòt moun ki renmen frè li pwouve li viv nan Kris. Piske li nan limyè a, li ka wè chemen li, epi li jwenn pwoteksyon pou l pa bite ni fè lòt moun bite (Jean 11:9). Men, nenpòt moun ki mache nan fènwa se nan pi gwo danje li ye pou l tonbe nan pwòp destriksyon li, san li pa konnen kote li prale. Jean ekri timoun piti yo, moun ki fèk fèt nan fanmi Papa yo ki nan syèl la, paske peche yo padonnen poutèt Kris. Li ekri moun ki te nan lafwa Kretyen an depi pi lontan pase tout lòt yo, paske se yo ki te rive gen plis konesans pase tout lòt yo sou ansèyman ak fason Kris te viv, li menm ki egziste depi letènite; li ekri moun ki nan tout fòs lavi espirityèl yo, paske yo te genyen batay sou mechan an; epi li ekri moun ki poko fè anpil pwogrè, paske yo te adopte kòm pitit gason e yo te resevwa Lespri Sen. Li avèti tout fanmi Bondye a, nan tout etap diferan li yo, pou yo pa renmen lemonn ni bagay ki sou tè a, ki pa ka mache ansanm ak lanmou pou Bondye ak pou lòt moun. Paske tout plezi, ekla ak onè lemonn yo pa soti nan Bondye ni yo pa mennen moun bò kote li, men se bagay lemonn yo ki fè yo leve, e lemonn ap pase ansanm ak moun k ap swiv li yo. Men, moun ki fè volonte Bondye, ki fè dezi monden yo mouri, ap viv pou tout tan.
7 Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl ke nou te tande depi kòmansman an. 8 Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. 9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11 Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.
12 M ap ekri nou, timoun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. 13 M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jennonm yo, paske nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou timoun yo, paske nou konnen Papa a. 14 Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan an.
15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
Antikris la nye Jésus se Kris la
Jean bay moun li te konvèti yo asirans fen epòk apot yo te rive. Li fè yo sonje pwofesi Kris la (Matthieu 7:15; 24:11–12, 24–25), ki te akonpli kounye a nan fo anseyan yo, ki te antre nan legliz Kretyen an pou sèvi pwòp enterè yo epi ki te soti ladan l apre sa. Li ekri yo pa paske yo pa konnen verite sou Pawòl la ki te vin moun ak sou nesesite pou yo mennen yon lavi ki sen, men paske yo konnen yo e yo ka temwaye tout ansèyman ki kont verite sa yo dwe fo. Kiyès, alò, ki mantè a, oswa fo pwofèt Sovè nou an te anonse a, si se pa moun ki nye Jésus, ki te vini nan lachè a, se Kris la, Mesi Bondye a? Se li ki antikris la, li menm ki nye Bondye se Papa Senyè Jésus Kris, epi ki nye nati diven ak nati imen Fis la. Nenpòt moun ki nye Jésus se Fis Bondye a pa gen konsiderasyon pou Papa a, ki te deklare li se Fis li lè batèm li ak lè transfigirasyon li; men nenpòt moun ki rekonèt li, Papa a aksepte l tou. Jean ankouraje yo rete nan ansèyman sou Kris yo te resevwa nan men apot yo, konsa y ap nan kominyon ak Fis la ak Papa a, epi y ap jwenn pa yo nan pwomès lavi etènèl Bondye bay pa mwayen Fis la. Li ekri bagay sa yo konsènan moun ki ta eseye twonpe yo, pou avèti yo kont enpostè sa yo. Sepandan, yo te resevwa Lespri Sen e yo pa t bezwen yo anseye yo kijan pou yo fè diferans ant ansèyman ki vre ak sa ki fo, paske Lespri a te enstwi yo nèt nan laverite. Yo dwe rete nan laverite sa a, epi yo dwe ini ak Kris pa mwayen menm Lespri a, si yo vle gen konfyans devan li lè li vini. Paske, jan yo konnen Bondye jis nèt, se sèlman moun ki pratike jistis ki fèt nan Lespri Sen li a epi ki vin pitit li.
18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 19 Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20 Men nou menm gen onksyon an ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa. 21 Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a. 22 Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23 Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24 Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi rete nan Fis la, ak Papa a. 25 Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
26 Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon. 27 Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li. 28 Epi koulye a, timoun yo, rete nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. 29 Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.
Lanmou Bondye fè nou vin pitit li
Jean mande yo konsidere bèl lanmou Bondye montre lè li adopte kòm pitit li moun ki pèsevere nan jistis yo, moun lemonn pa rekonèt yo, paske li pa t rekonèt Kris. Yo poko revele ki jan laglwa pitit Bondye yo pral gran; men yo konnen lè Kris parèt pou jije lemonn, y ap vin sanble avè l nan kò yo ak nan fason yo panse, epi y ap admèt yo pou yo konnen laglwa li ak pèfeksyon li yo e pou yo jwi yo. Tout moun ki gen esperans sa a ap chèche imite sentete li. Men, moun ki pèsiste nan peche ap jwenn pinisyon san mank, paske peche se vyole lalwa Bondye; paske Fis a Bondye a te parèt nan lachè pou rachte limanite anba pouvwa peche ak pinisyon li. Kòm li menm te san peche, li pa t ap jwenn pou lòt moun libète pou yo peche, jan fo anseyan yo te fè konprann sa. Se poutèt sa moun ki gen kominyon ak Kris evite peche, men moun ki kontinye nan peche pa konnen li. Li ankouraje yo pou yo pa kite yo twonpe yo sou sa: moun ki fè sa ki dwat yo jis nan limit nati yo ak kapasite yo, menm jan Bondye jis dapre nati enfini li. Nenpòt moun ki pèsiste nan peche se yon pitit dyab la, ki te fè peche antre nan lemonn; e se pou sa Fis a Bondye a te parèt nan lachè, pou defèt, oswa detwi, zèv dyab la, epi pou retabli limanite nan sentete ak nan favè Bondye.
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
Pitit Bondye yo renmen frè yo
Jean mete konduit pitit Bondye yo an fas ak konduit pitit dyab la pou montre diferans lan. Li montre se jistis ak lanmou pou frè yo ki make pitit Bondye yo, jan Bondye te kòmande sa depi nan kòmansman. Yo pa dwe aji tankou moun ki soti nan mechan an, jan Caïn te fè lè li te touye frè li paske zèv frè li te jis; epi, apre yon egzanp konsa, yo pa dwe sezi si lemonn rayi yo epi pèsekite yo. Men, sa pa gen okenn enpòtans pou Kretyen yo, paske yo gen asirans yo pase soti nan yon eta lanmò pou antre nan yon eta lavi, paske yo renmen frè yo. Men, nenpòt moun ki pa renmen frè li toujou rete nan yon eta lanmò espirityèl, san li pa konvèti ni fèt yon lòt fwa. Nenpòt moun ki rayi frè li gen nan li menm mechanste ak menm prensip mal ki te nan Caïn nan, epi si lwa lèzòm pa t kenbe li, li ta yon ansasen tankou Caïn. Pa gen moun ki nouri santiman konsa ki ka gen lavi Bondye a k ap viv nan li. Gwo lanmou Bondye a te parèt lè Pitit li a te bay lavi li pou limanite, epi lanmou Kretyen yo pou Bondye ta dwe fè yo dispoze bay lavi yo pou byen limanite. Men, si olye yo fè sa, moun ki gen byen sou tè sa a refize pataje yon pòsyon ladan yo ak yon frè ki nan bezwen, lanmou Bondye pa ka ap viv nan yo.
9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
13 Pa etone, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li?